alm Beach, Pran Devan - Nan arete plis imigran san papye nan tout depatman Florida a, ak yon total 1,548 imigran. Daprè Otorite yo.
Kòmanse depi mwa Dawout 2025, polis ki ap travay sou otowout yo ( Florida Highway Patrol ) arete 1,113 imigran san papye, souvan arestasyon sa yo rive fèt nan kape machin an sikilisyon avèk lè gen aksidan sou I-95.
Epi Polis lokal yo ( Palm Beach County Sheriff ) arete 366 imigran san papye.
Anpil kritik ta fè konprann : sitiyasyon sila ka ankouraje kèk moun pa rele Lapolis lè ta gen pwoblèm, e sa ka menm ankouraje kèk lòt, pou pa rete tann Lapolis si yo rive fè yon aksidan